Kiyes nou ye?

365PotNews se yon platfòm enfòmasyon dijital modèn ki la pou pote nouvèl chak jou bay kominote a, avèk yon vizyon klè: enfòme, edike, epi konekte moun yo atravè enfòmasyon ki serye e pozitif sou Ti Rivyè Latibonit. Depi kreyasyon li, 365PotNews ap travay pou mete aksan sou verite, rapidite, ak kalite nan tout sa li pibliye.

Sou sit la, ou ka jwenn divès kalite kontni nan yon aspè pozitif tankou aktyalite lokal,videyo enfòmatif, galeri foto ki rakonte istwa atravè imaj, ansanm ak atik ki manyen diferan domèn tankou politik, espò, kilti, teknoloji, ak lavi sosyal nan TirivyèLatibonit. Nou bay enpòtans espesyal ak nouvèl pozitif konsène kominote a dirèkteman, pou chak moun ka rete konekte ak sa k ap pase bò kote li.

365PotNews se tout yon espas pou jèn talan yo devlope kapasite yo. Nou ankouraje jounalis, blogè, ak kreyatè kontni pou pataje ide yo, opinyon yo, ak eksperyans yo avèk piblik la. Platfòm lan vin tounen yon vrè pon ant enfòmasyon ak kominote a.

Misyon nou se bay enfòmasyon ki pozitif, verifye, epi aksesib pou tout moun, pandan n ap respekte prensip etik nan jounalis. Vizyon nou se vin youn nan pi gwo sous enfòmasyon dijital ki gen plis kredibilite nan Ti Rivyè Latibonit, an Ayiti.

Avni 365PotNews chita sou inovasyon, devlopman kontinyèl, ak angajman pou sèvi kominote a pi byen chak jou. Nou kwè ke enfòmasyon se pouvwa, e objektif nou se mete pouvwa sa a nan men tout moun.